1 Chronicles 17:16
Aprè sa, wa David ale nan Tanp lan, li chita devan Seyè a, li di l' konsa: -Seyè Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye? Kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tout sa ou deja fè pou nou?
Bib La
In The King James Version
In Context
15Natan rakonte David tou sa Bondye te fè l' konnen nan vizyon an.
Cross References
Genesis 32:10Mwen menm k'ap sèvi ou la, mwen pa wè poukisa ou fè m' tout favè sa yo, poukisa ou toujou kenbe pawòl ou avè m'. Lè m' t'ap travèse larivyè Jouden, se annik yon baton mwen te gen nan men m'. Koulye a m'ap tounen, mwen tèlman genyen, mwen ka separe yo fè de pòsyon.
Judges 6:15Jedeyon reponn li! -Tanpri, mèt! Avèk kisa mwen pral delivre pèp Izrayèl la? Fanmi mwen, se li ki gen pi piti moun nan branch fanmi Manase a. Lèfini, mwen menm pou tèt pa m', se mwen menm ki pi piti lakay papa m'.
1 Samuel 9:21Sayil reponn li: -Mwen se moun branch fanmi Benjamen an, yonn nan pi piti branch fanmi nan pèp Izrayèl la. Lèfini, fanmi pa m' lan, se li ki pi piti nan tout fanmi Benjamen yo. Poukisa w'ap di m' tout bagay sa yo?
2 Kings 19:14Ezekyas pran lèt la nan men mesaje yo, li li l'. Apre sa, li pati al nan tanp lan, li mete lèt la devan lotèl Seyè a.
2 Chronicles 1:8Salomon reponn li: -Ou te toujou moutre jan ou te renmen David, papa m', sèvitè ou la, anpil. Koulye a, se mwen menm ou mete nan plas li pou gouvènen.
Acts 26:22Mentou, Bondye toujou pwoteje m' jouk jòdi a. Mwen la toujou pou m' sèvi l' temwen devan tout moun, grannèg kou malere. Sa ou wè m'ap di la a, se sa menm pwofèt yo ansanm ak Moyiz te di gen pou rive.