2 Chronicles 1:8
Salomon reponn li: -Ou te toujou moutre jan ou te renmen David, papa m', sèvitè ou la, anpil. Koulye a, se mwen menm ou mete nan plas li pou gouvènen.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Jou lannwit sa a, Bondye parèt devan Salomon, li di l' konsa: -Mande m' sa ou vle, m'ap ba ou li.
Cross References
2 Samuel 12:7Le sa a, Natan di David: -Nonm sa a, se ou menm! Men mesaj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Mwen te fè ou wa pèp Izrayèl la. Mwen sove ou anba men Sayil.
1 Chronicles 17:16Aprè sa, wa David ale nan Tanp lan, li chita devan Seyè a, li di l' konsa: -Seyè Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye? Kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tout sa ou deja fè pou nou?
1 Chronicles 29:23Se konsa Salomon pran plas David, papa l', sou fotèy gouvènman Seyè a te tabli a. Tout zafè l' te mache byen. Tout pèp Izrayèl la te obeyi l'.
Psalms 86:13Ala renmen ou renmen mwen! Ou wete m' nan bouch twou a.
Psalms 89:49(089:50) Seyè, kote sa ou te fè nan tan lontan pou fè nou wè jan ou renmen nou an? Kote tout bèl pwomès ou te fè David yo?