1 Chronicles 17:27
Tanpri, beni tout fanmi mwen apre mwen, pou yo ka toujou anba pwoteksyon ou. Wi, Seyè, se ou ki bay benediksyon. Se pou ou toujou voye benediksyon ou sou fanmi mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
26Koulye a, Seyè, se ou ki Bondye, se ou ki pwomèt sèvitè ou la bèl bagay sa yo.
Cross References
Numbers 23:20Yo ban m' lòd pou m' beni pèp Izrayèl la! Lè Bondye fin bay benediksyon l', nanpwen anyen mwen ka fè ankò.
1 Kings 2:33Wi, chatiman krim sa yo va tonbe sou Joab ak sou pitit li yo pou tout tan. Men, Seyè a ap toujou bay David ak pitit li yo, fanmi li ak tout wa ki va vin apre l' yo kè poze.
Psalms 72:17Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a.
Ephesians 1:3Lwanj pou Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an. Se li menm ki beni nou nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la. Li ban nou tout kalite benediksyon pou nou ka viv dapre egzijans Lespri Bondye nan syèl la.