1 Chronicles 19:2
David di: -Se pou m' aji byen ak Anoun, pitit Nakach la, paske papa l' te boule byen avè m'. Se konsa, David voye mesaje al di Anoun jan sa te fè l' lapenn lè l' pran nouvèl lanmò papa l'. Mesaje David yo rive lakay Anoun nan peyi moun Amon yo pou konsole l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Apre sa, Nakach, wa lavil Amon, mouri. Se pitit gason li ki moute wa nan plas li.
Cross References
Genesis 19:37Pi gran an fè yon pitit gason, li rele l' Moab. Se li menm ki zansèt moun Moab yo ki la jouk koulye a.
1 Samuel 30:26Lè David tounen Ziklag, li pran nan bagay li te sezi nan men lènmi yo, li voye bay zanmi l' yo ki te chèf nan peyi Jida a, li di yo konsa: -Men kado mwen voye pou nou nan sa nou pran nan men lènmi Seyè yo.
2 Samuel 9:7David di l' konsa: -Ou pa bezwen pè. Mwen pral aji byen avè ou poutèt Jonatan, papa ou. M'ap renmèt ou tout tè ki te pou Sayil, granpapa ou. Lèfini, chak jou w'a vin manje sou tab avè m'.
Nehemiah 4:3Tobija, moun peyi Amon an, te kanpe bò kote Sanbala. Li t'ap di: -Anhan! Y'ap rebati! Kite yon chat mawon vole sou miray wòch yo a, sa kont pou jete l' atè!
Nehemiah 13:1Yon jou, pandan yo t'ap li nan liv lalwa Moyiz la pou pèp la, yo rive yon kote ki di: Moun Amon yo ak moun Moab yo pa janm gen dwa mete pwent pye yo kote pèp Bondye a sanble.
Ecclesiastes 9:15Te gen yon nonm nan bouk la ki te gen lespri, men se te yon pòv malere. Se li ki te sove bouk la avèk konesans li. Apre sa, tout moun bliye l'.