2 Samuel 9:7
David di l' konsa: -Ou pa bezwen pè. Mwen pral aji byen avè ou poutèt Jonatan, papa ou. M'ap renmèt ou tout tè ki te pou Sayil, granpapa ou. Lèfini, chak jou w'a vin manje sou tab avè m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 43:23Domestik anchèf la di yo: -Pa okipe bagay konsa. Nou pa bezwen pè. Se Bondye nou an, Bondye papa nou an, ki mete richès sa a pou nou nan sak yo. Mwen te resevwa premye lajan an. Lèfini, li mennen Simeyon vin jwenn yo.
Ruth 2:11Bòz reponn li: -Yo di m' tou sa ou te fè pou bèlmè ou depi mari ou mouri a. Mwen konnen ou kite manman ou, papa ou ak peyi kote ou moun lan, ou vin viv nan mitan yon lòt pèp ou pa t' janm konnen anvan.
1 Samuel 12:24Gen krentif pou Seyè a. Sèvi l' tout bon ak tout kè nou. Chonje tout bèl bagay sa yo li fè pou nou!
1 Samuel 22:23Ou mèt rete avè m'. Ou pa bezwen pè. Koulye a Sayil pral chache touye ni ou ni mwen. Bò kote m', anyen p'ap rive ou.
2 Samuel 9:3Wa a mande l': -Pa gen yon moun ki rete nan fanmi Sayil la, pou m' ka fè kichòy pou li jan mwen te pwomèt sa devan Bondye? Ziba reponn li: -Wi, gen yonn nan pitit gason Jonatan yo ki vivan toujou. Men, li enfim nan tou de pye l' yo.
2 Samuel 12:8Mwen ba ou baton kòmandman ki te nan men l' lan ansanm ak tout madanm li yo. Mwen mete ou wa pou gouvènen ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo. Si sa pa t' kont toujou, mwen ta ba ou menm de fwa lavalè ankò.