1 Chronicles 19:6
Wa Anoun ak moun Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo pran mil pyès ajan, yo voye chache sòlda, cha lagè, ak kavalye kay moun Aram yo lavil Narayim, lavil Maka ak lavil Zoba pou vin goumen pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 5:21Yo di yo: -Se pou Seyè a wè sa nou fè la a. Se pou l' pini nou. Paske se nou menm ki lakòz ni farawon an ni moun k'ap sèvi l' yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Nou mete yon nepe nan men yo pou yo fini ak pèp la.
1 Samuel 14:47Apre yo te fin fè Sayil wa peyi Izrayèl la, li fè lagè ak tout lènmi l' yo alawonnbadè: ak moun Moab yo, moun Amon yo, moun Edon yo, ak wa lavil Soba yo, ak moun Filisti yo. Kote li pase, li genyen batay yo.
2 Samuel 8:3Apre sa, li bat Adadezè, pitit gason Reyòb, wa peyi Zoba a, ki t'ap mache pran zòn ki sou anwo larivyè Lefrat la.
1 Kings 11:23Bondye fè yon lòt moun leve dèyè Salomon ankò. Se te Rezon, pitit gason Elyada, ki te kouri kite lakay mèt li, Adadezè, wa peyi Soba a.
1 Chronicles 18:9Lè Towou, wa lavil Amat la, tande jan David te kraze tout lame Adadezè a,
2 Chronicles 18:3Akab, wa peyi Izrayèl la, di Jozafa, wa peyi Jida a: -Eske w'ap vin avè m' pou atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la? Jozafa reponn li: -Mwen menm ak tout sòlda mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!