2 Samuel 8:3
Apre sa, li bat Adadezè, pitit gason Reyòb, wa peyi Zoba a, ki t'ap mache pran zòn ki sou anwo larivyè Lefrat la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 15:18Se jou sa a Seyè a te pase kontra avèk Abram. Li di l' konsa M'ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyè Lejip, rive jouk larivyè Lefrat la.
Deuteronomy 11:24Tout kote pye nou va pile, se pou nou la ye. N'a gen dezè a pou lizyè sou anba, peyi Liban an sou anwo. N'a gen gwo larivyè Lefrat la yon bò ak lanmè Mediterane a sou bò solèy kouche.
2 Samuel 10:6Moun Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo voye chache venmil (020.000) sòlda lavil Bètreyòb ak lavil Zoba nan peyi Aram lan, ak douzmil (012.000) gason lavil Tòb. Yo voye chache wa lavil Maka a tou ansanm ak mil (01.000) sòlda. Yo peye yo pou yo vin goumen pou yo.
2 Samuel 10:19Lè tout ti wa ki te mete tèt ansanm ak Adadezè yo wè jan moun Izrayèl yo te bat yo, yo fè lapè ak yo, yo soumèt devan yo. Se konsa, moun Aram pa pran chans al pote moun Amon yo sekou ankò.
1 Kings 4:21Salomon te rive gouvènen tout nasyon nan zòn ki pran depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti a ak fwontyè Lejip la. Yo tout te peye Salomon taks, yo tout te soumèt devan li pandan tout rèy li jouk li mouri.
1 Kings 11:24Rezon sanble yon bann gason avè l'. Se konsa li vin chèf yon bann bandi. Lè sa a, David te bat Adadezè, li touye tout moun peyi Siri ki t'ap mache avèk Adadezè. Se konsa Rezon desann lavil Damas. Li vin chèf lavil Damas.