1 Chronicles 2:7
Se Aka, pitit gason Kami, yon moun fanmi Zerak la, ki te rale malè sou pèp Izrayèl la, lè li te pran nan sa pou yo te boule nèt pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
And the sons of Carmi; Achar, the troubler of Israel, who transgressed in the thing accursed.
In Context
6Zerak te gen senk pitit gason: Zimri, Etan, Eman, Kalkòl ak Dada.
Cross References
Deuteronomy 7:26Konsa tou, pa pran ankenn nan zidòl sa yo pou nou mete anndan lakay nou, pou menm madichon ki sou yo a pa tonbe sou nou tou. Se pou nou konsidere yo pou move bagay, pou vye bagay sal. Se bagay ki madichonnen, bagay ki fèt pou disparèt nèt.
Joshua 6:18Men, nou menm, pa mete men nou nan sa nou gen pou nou detwi pou Seyè a. Si nou pran anyen nan sa nou gen pou nou detwi a, n'ap lakòz malè tonbe sou kay moun Izrayèl yo, n'ap lakòz tèt chaje vin pou tout moun.
Joshua 7:11Se paske pèp Izrayèl la peche, yo pa respekte kontra mwen te pase ak yo a ak lòd mwen te ba yo. Yo pran nan bagay pou yo te detwi yo. Yo vòlò yo, yo kache yo, yo mete yo nan zafè pa yo.
Joshua 22:20Chonje Akan, pitit gason Zera a, lè li te derefize swiv lòd Seyè a te bay pou bagay nou te fèt pou detwi nèt yo. Lè sa a, se tout pèp Izrayèl la nèt wi, Seyè a te pini. Se pa Akan sèlman ki te peye pou sa l' te fè a.