1 Chronicles 21:1
Yon jou, Satan move sou pèp Izrayèl la, li pouse David al konte konbe moun ki nan pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
And Satan stood up against Israel, and provoked David to number Israel.
In Context
Cross References
Exodus 30:12-Lè n'ap konte konbe moun ki genyen nan peyi Izrayèl la pou nou fè resansman, chak gason va bay Seyè a kichòy pou lavi yo, pou malè pa rive lè y'ap fè resansman an.
2 Samuel 24:24Men wa a reponn li, li di l': -Non. Se achte m'ap achte. Se pou m' peye pou yo. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m' lajan pou m' ofri pou boule nèt pou Seyè a. Se konsa, David achte anplasman glasi a ansanm ak tout bèf yo pou senkant pyès ajan.
1 Chronicles 7:40Tout moun sa yo te moun branch fanmi Asè. Yo tout te chèf fanmi, vanyan sòlda, grannèg. Dapre rejis fanmi yo, te gen vennsimil (026.000) gason ki te gen laj pou fè sèvis lame, epi ki te bon pou fè lagè.
Job 2:1Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Seyè a, Satan vini tou nan mitan yo.
Zechariah 3:1Apre sa, Seyè a fè m' wè Jozye, granprèt la, ki te kanpe devan zanj Seyè a. Satan menm te kanpe sou bò dwat Jozye pou l' te ka akize l'.
Luke 11:53Lè Jezi kite kote l' te ye a, dirèktè lalwa yo ak farizyen yo kòmanse atake l' avèk fòs; yo t'ap poze l' keksyon sou anpil bagay.