Zechariah 3:1
Apre sa, Seyè a fè m' wè Jozye, granprèt la, ki te kanpe devan zanj Seyè a. Satan menm te kanpe sou bò dwat Jozye pou l' te ka akize l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 3:15Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l' ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l' nan talon pye l'.
Exodus 3:2Zanj Seyè a parèt devan l' sou fòm yon flanm dife nan mitan yon ti touf bwa. Moyiz gade, li wè touf bwa a te tou wouj ak dife, men li pa t'ap boule.
Deuteronomy 10:8Se lè sa a Seyè a te mete moun branch fanmi Levi yo apa pou yo reskonsab pote Bwat Kontra Seyè a, pou yo ka kanpe devan l' fè sèvis pou li, pou yo ka beni pèp la nan non l', jan y'ap fè l' jouk koulye a.
1 Samuel 6:20Lè sa a, moun lavil Bèt-Chemèch yo di: -Ki moun ki ka kanpe devan Seyè a, Bondye sa a ki yon Bondye apa? Ki bò pou n' voye Bwat Kontra a ale pou l' pa rete lakay nou?
2 Chronicles 29:11Koulye a, pitit mwen yo, souke kò nou. Se nou menm Seyè a te chwazi pou toujou kanpe devan l', pou sèvi l', pou fè travay li, pou boule lansan pou li.
Ezra 5:2Lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, tande mesaj yo, lamenm yo konmanse rebati tanp Bondye a lavil Jerizalèm. De pwofèt yo menm te kanpe la avèk moun yo, ap ankouraje yo.