1 Chronicles 21:23
Onan di David konsa: -Monwa, ou mèt pran l' pou fè sa ou vle avè l'. Men m'ap bay bèf sa yo pou ou boule nèt sou lotèl la. Men jouk bèf yo ak bwa kabwa yo pou fè dife, ak ble pou sèvi ofrann grenn jaden an. M'ap ba ou tout bagay sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 6:14Kabwa a rive nan jaden Jozye a nan peyi Bèt-Chemèch epi li rete. Te gen yon gwo wòch bò la. Moun yo demoute kabwa a, yo fann tout bwa yo, yo touye bèf yo, epi yo boule yo nèt pou Seyè a.
1 Kings 19:21Elize kite Eli, li tounen tounen l', li pran yon pè bèf, li touye yo. Li pran bwa jouk yo, li limen dife, li kwit vyann lan. Li bay moun ki te avè l' yo pou yo manje. Lèfini, li pati al jwenn Eli, li rete avè l'.
Jeremiah 32:8Se konsa, jan Seyè a te fè m' konnen an, kouzen m' Anamèl vin jwenn mwen nan lakou palè kote gad yo ye a. Li mande m' pou m' achte yon jaden li te genyen lavil Anatòt, nan peyi moun Benjamen yo. Li di se mwen an premye ki gen dwa achte l' paske se mwen ki fanmi pi pre ak li. Konsa, se mwen ki pou achte l' nan men l'. Lè sa a, mwen vin sèten se Seyè a menm ki te pale avè m'.