1 Chronicles 21:3
Men Joab di wa a konsa: -Monwa, mwen mande Seyè a pou li fè pèp Izrayèl la vin san fwa pi plis pase jan li ye koulye a. Lèfini, monwa, ou konnen yo tout la ap sèvi ou. Men poukisa, monwa, ou vle fè sa? Poukisa ou vle pòte pèp Izrayèl la fè sa ki mal?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 20:9Lèfini, Abimelèk rele Abraram, li di l'. Kisa ou fè nou konsa? Kisa m' fè ou pou ou ta lakòz yon gwo malè konsa tonbe sou mwen ak sou peyi a? Sa ou fè nou la a, se bagay moun pa gen dwa fè.
Exodus 32:21Apre sa li di Arawon: -Kisa moun sa yo fè ou menm pou ou kite yo fè kalite gwo peche sa a?
Deuteronomy 1:11Se pou Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ban nou mil fwa plis pitit pase sa nou gen koulye a. Se pou l' beni nou jan li te pwomèt nou an.
1 Samuel 2:24Sispann non, pitit mwen yo! Paske, sa m' tande y'ap di sou nou yo se pa bèl bagay menm.
2 Kings 12:7Wa Joas rele Jeojada, prèt la, ansanm ak tout lòt prèt yo, li di yo: —Poukisa nou pa fè reparasyon nan Tanp lan? Depi jòdi a, nou p'ap resevwa lajan ankò nan men moun nou konnen yo. Se pou nou renmèt lajan an pou yo ka fè reparasyon nan tanp lan.
Psalms 115:14Se pou Seyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l' beni pitit ou yo tou.