Exodus 32:21
Apre sa li di Arawon: -Kisa moun sa yo fè ou menm pou ou kite yo fè kalite gwo peche sa a?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 20:9Lèfini, Abimelèk rele Abraram, li di l'. Kisa ou fè nou konsa? Kisa m' fè ou pou ou ta lakòz yon gwo malè konsa tonbe sou mwen ak sou peyi a? Sa ou fè nou la a, se bagay moun pa gen dwa fè.
Deuteronomy 13:6Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n' al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen,
1 Samuel 26:19Koulye a, monwa, tanpri koute sa m'ap di ou. Si se Seyè a ki moute tèt ou kont mwen, al fè yon ofrann ba li pou li ka chanje lide l'. Men, si se moun k'ap fè ou fè sa, se pou madichon Seyè a tonbe sou yo! Koulye a, yo mete m' deyò nan peyi a pou m' pèdi pòsyon pa m' nan tè Seyè a te bay pèp li a, yo voye m' al sèvi lòt bondye.
1 Kings 21:22Sa ki te rive fanmi wa Jewoboam, pitit Nebat la, ak fanmi wa Bacha, pitit Akija a, se sa ki pral rive fanmi pa ou la tou. Se mwen menm k'ap fè sa paske ou fè m' fache anpil, lèfini se ou ki lakòz pèp Izrayèl la ap fè sa ki mal.