1 Chronicles 21:30
Men, David pa t' ka ale la pou adore Seyè a, paske li te pè nepe zanj Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 10:12Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, men sa Seyè a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou swiv chemen li mete devan nou an. Se pou nou renmen l'. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou.
1 Chronicles 13:12Lè sa a, David vin pè Seyè a, li di konsa: -M' pa wè ki jan pou m' pran Bwat Kontra a avè m' koulye a!
Job 13:21Sispann leve men ou sou mwen. Sispann fè m' pè tout pè sa a.
Job 23:15Se poutèt sa, m'ap tranble devan l'. Lè m' chonje sa, mwen soti pè l'.
Psalms 119:120M'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo.
Jeremiah 10:7Ou se wa tout nasyon. Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou! Nan tout moun lespri ki sou latè, nan tout chèf yo, pa gen tankou ou!