1 Chronicles 22:1
Se konsa David te di: -Se la Tanp Bondye Seyè a ye, ansanm ak lotèl pou boule bèt yo ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 28:17Msye vin pè, li di: -Isit la se yon kote pou moun respekte! Se pa lòt bagay, isit la se kay Bondye ak pòt syèl la.
Deuteronomy 12:11Wi, Seyè a, Bondye nou an, va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou yo ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt nan dife pou Seyè a, lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo, lòt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' te bay Seyè a.
2 Samuel 24:18Men, jou sa a pwofèt Gad al jwenn David, li di l' konsa: -Moute lakay Araounak, moun lavil Jebis la, bati yon lotèl pou Seyè a nan mitan gwo glasi a.
1 Chronicles 21:18Zanj Seyè a te bay pwofèt Gad lòd pou l' te al mande David pou l' moute lakay Onan, moun lavil Jebis la, bati yon lotèl pou Seyè a nan mitan glasi a.
2 Chronicles 6:5Depi jou mwen te fè pèp mwen an soti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pèp Izrayèl la pou yo bati yon tanp ladan l' pou mwen rete, ni mwen pa t' chwazi pesonn pou gouvènen pèp mwen an, pèp Izrayèl la.
Psalms 78:60Li kite kay li te genyen Silo a, kote li t'ap viv pami moun sou latè a.