1 Chronicles 22:16
Pou lò, ajan, kwiv ak fè, ou gen sa an kantite. Konsa, mete men nan travay la! Mwen mande pou Seyè a toujou kanpe la avè ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Apre sa, David mande tout chèf pèp Izrayèl yo pou yo ede Salomon, pitit gason l' lan.
Cross References
Joshua 1:2-Koulye a, Moyiz, sèvitè m' lan, mouri. Pare kò ou, ou menm ansanm ak tout pèp Izrayèl la. Nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou ka antre nan peyi m'ap ban nou an.
Joshua 1:9Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.
Judges 4:14Debora di Barak konsa: -Annou wè! Jòdi a, se jou Seyè a pral lage Sisera nan men ou. Se Seyè a k'ap mache devan ou. Se konsa, Barak desann soti sou mòn Tabò a avèk dimil (010.000) sòlda dèyè l'.
1 Samuel 17:37David di ankò: -Seyè a te delivre m' anba pat lyon yo ak pat lous yo, l'a delivre m' tou anba men sòlda Filisti sa a. Sayil di David: -Bon, ale non! Mwen mande Seyè a pou l' avèk ou!
1 Kings 2:2-Talè konsa mwen pral fè dènye gwo vwayaj la tankou tout moun sou latè. Pran kouraj, pitit mwen! Mete gason sou ou!
1 Chronicles 22:3Li fè pare fè an kantite pou fè klou ak kranpon pou batan pòt yo. Pou kwiv la menm, moun pa ka kalkile kantite li te fè pare.