Joshua 1:2
-Koulye a, Moyiz, sèvitè m' lan, mouri. Pare kò ou, ou menm ansanm ak tout pèp Izrayèl la. Nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou ka antre nan peyi m'ap ban nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Jan mwen te di Moyiz la, mwen pral ban nou tout peyi kote nou pral mete pye nou an.
Cross References
Genesis 17:8Ou wè tè kote ou rete tankou moun vini koulye a? Mwen gen pou m' ba ou l' ansanm ak tout pitit pitit ou yo. tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen menm k'ap Bondye yo tout.
Deuteronomy 3:28Bay Jozye lòd tou sa pou li fè. Ankouraje l'. Ba li fòs kouraj, paske se li menm ki pral janbe lòt bò larivyè Jouden an alatèt pèp la. Se li menm ki pral fè yo pran peyi ou pral wè a pou yo.
Joshua 1:1Apre Moyiz, sèvitè Seyè a, mouri, Seyè a pale ak Jozye, pitit gason Noun lan, ki te aladwat Moyiz nan tou sa li t'ap fè. Li di l' konsa:
Nehemiah 9:23Ou ba yo anpil pitit, menm kantite ak zetwal nan syèl la. Ou mennen yo nan peyi ou te pwomèt zansèt yo ou t'ap fè yo pran pou yo a.
Hebrews 3:5Moyiz te fè travay li byen nan tout kò kay Bondye a. Li te yon senp sèvitè ki te la pou pale sou bagay Bondye tapral di pita.