1 Chronicles 23:32
Se yo menm tou ki te reskonsab okipe Tant Randevou a, ak kote yo mete apa pou Seyè a, ak prèt yo, fanmi yo ki soti nan branch fanmi Arawon an, lè y'ap sèvi nan Tanp lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 3:6-Fè moun fanmi Levi yo pwoche. Mete yo ansanm ak Arawon, prèt la, pou yo ka ede l' nan travay l'ap fè a.
Numbers 8:26Men, y'a gen dwa ede moun Levi parèy yo nan nenpòt travay y'ap fè nan Tant Randevou a. Men yo menm poutèt pa yo, yo p'ap reskonsab okenn travay ankò. Se konsa w'a bay moun Levi yo travay pou yo fè.
Deuteronomy 18:7lè li rive, si li fè travay yon prèt nan non Seyè a, Bondye li a, tankou tout lòt frè moun fanmi Levi parèy li yo ki te toujou la ap sèvi devan Seyè a,
1 Chronicles 9:27Yo te rete pase nwit yo toupre Tanp lan, paske se yo ki te reskonsab veye l'. Lèfini, chak maten se yo ki pou te louvri pòtay yo.