Numbers 8:26
Men, y'a gen dwa ede moun Levi parèy yo nan nenpòt travay y'ap fè nan Tant Randevou a. Men yo menm poutèt pa yo, yo p'ap reskonsab okenn travay ankò. Se konsa w'a bay moun Levi yo travay pou yo fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Lè y'a gen senkantan, y'a pran retrèt yo, yo p'ap reskonsab okenn travay ankò nan tant lan.
Cross References
Numbers 3:32Se Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, ki te chèf tout chèf fanmi Levi yo. Se li ki te kontwole travay moun ki te reskonsab kote ki apa nèt pou Seyè a.
Numbers 31:30Sou lòt mwatye ki rete pou rès moun pèp Izrayèl la, w'a pran yonn sou chak senkant moun, sou chak senkant bèt menm kalite, bèf, bourik, mouton, kabrit. Epi w'a bay moun Levi yo ki reskonsab Tant Randevou Seyè a.
1 Chronicles 26:20Gen lòt moun Levi yo te mete reskonsab trezò Tanp lan ak depo kote yo mete tout bagay ki apa pou Bondye yo.
Ezekiel 44:11Y'ap toujou sèvi m' nan Tanp lan. Se yo menm ki pral reskonsab veye pòtay Tanp lan, se yo ki pral fè tout kalite ti travay ki pou fèt nan Tanp lan. Se yo ki pral touye bèt pèp la va vin ofri pou boule nèt nan dife ak pou lòt kalite ofrann. Se yo ki pral la pou sèvi pèp la.