1 Chronicles 26:4
Te gen Obèd-Edon tou. Bondye te beni l', li te ba li wit pitit gason: Chenaja premye a, Jeozabad dezyèm lan, Joa twazyèm lan, Saka katriyèm lan, Netaneyèl senkyèm lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Elam senkyèm lan, Joanan sizyèm lan ak Elioenayi setyèm lan.
5Amiyèl sizyèm lan, Isaka setyèm lan ak Peoultayi wityèm lan.
Cross References
2 Samuel 6:12Lè David tande jan Seyè a te beni Obèdedon ak tout moun lakay li, jan zafè l' t'ap mache byen poutèt Bwat Kontra a, David pati, li ale kay Obèdedon, li pran Bwat Kontra Seyè a pou pote l' nan Lavil David la avèk gwo seremoni sou tout wout la.
1 Chronicles 15:18Apre sa, yo chwazi lòt moun Levi nan menm fanmi ak premye yo, pou ede yo nan travay yo. Se te Zakari, Aziyèl, Semiramòt, Jekiyèl, Ouni, Eliyab, Benaja, Maseja, Matitya, Elifeleou, Mikneja, ak de gad pòtay tanp lan, Obèd-Edon ak Jeyèl.
1 Chronicles 15:24Men non prèt yo te chwazi pou kònen twonpèt devan Bwat Kontra a. Se te Chebanyas, Jozafa, Netaneyèl, Amasayi, Zakari, Benaja ak Elyezè. Obèd-Edon ak Jebija te la pou pote Bwat Kontra a tou.
1 Chronicles 16:38Obèd-Edon ak swasantwit lòt moun nan fanmi li t'ap ede yo nan travay yo. Osa ak Obèd-Edon, pitit gason Jeditoun lan, te reskonsab pòtay yo.