1 Chronicles 28:1
David mande pou tout otorite peyi Izrayèl la reyini lavil Jerizalèm. Se konsa tout chèf branch fanmi yo, tout chèf gwoup ki te reskonsab dirije peyi a pou wa a, tout kòmandan rejiman mil sòlda yo ak kòmandan divizyon san sòlda yo, jeran tout tè ak gadò tout bèt ki pou wa a ak pou pitit li yo, moun konfyans li yo, chèf lame li yo ak tout vanyan sòlda li yo, yo tout reyini lavil Jerizalèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 24:1Jozye reyini tout branch fanmi pèp Izrayèl yo lavil Sichèm. Li fè rele tout chèf fanmi yo, tout lòt chèf yo, tout jij yo ak tout notab yo. Yo parèt devan lotèl Seyè a.
1 Chronicles 23:2Li reyini tout chèf pèp Izrayèl yo, tout prèt yo ak tout moun Levi yo.
1 Chronicles 27:16Men non chèf ki te reskonsab douz gwo branch fanmi pèp Izrayèl la: Pou branch fanmi Woubenn lan, se te Elyezè, pitit gason Zikri. Pou branch fanmi Simeyon an, se te Sefatya, pitit gason Maka.
1 Chronicles 27:25Se Azmavèt, pitit gason Adiyèl la, ki te reskonsab trezò wa a. Se Jonatan, pitit Ozyas la, ki te reskonsab tout depo ki te nan jaden, nan lavil, nan ti bouk ak sou fwontyè yo.
1 Chronicles 29:6Lè sa a, chèf branch fanmi yo, chèf chak fanmi pèp Izrayèl la, tout chèf rejiman mil sòlda yo ak chèf divizyon san sòlda yo, ak tout jeran ki t'ap travay pou wa a, fè kado yo te vle fè.