1 Chronicles 28:2
David kanpe devan yo tout, li di yo konsa: -Frè m' yo ak nou tout moun nan pèp mwen an, koute sa m'ap di nou. Mwen te fè lide bati yon kay kote pou Bwat Kontra Seyè a rete, yon kay kote Seyè a ka mete fotèy li. Mwen te pare tout bagay pou bati kay la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 48:2Yo vin di Jakòb: -Men Jozèf, pitit ou, vin wè ou. Izrayèl ranmase dènye ti rès fòs li te genyen an, li leve chita sou kabann lan.
Deuteronomy 17:20Konsa, li p'ap ka mete nan tèt li li plis pase rès pèp la, li p'ap janm dezobeyi ankenn lòd nan sa Seyè a te bay la. Se konsa, ni li ni pitit li yo y'a rete chèf lontan nan mitan pèp Izrayèl la.
1 Kings 1:47Tout moun k'ap travay nan gouvènman wa David yo vin fè wa David, chèf nou an, konpliman. Yo di: Se pou Bondye ou la fè Salomon yon pi gwo wa pase ou. Se pou gouvènman li an pi chita toujou pase pa ou la! Lèfini, wa David bese byen ba sou kabann li pou li adore Bondye.
1 Chronicles 6:31Men moun David te mete pou reskonsab tout chante nan Tanp Seyè a lè y'a fin enstale Bwat Kontra a ladan l'.
1 Chronicles 17:1Wa David te byen chita nan palè li. Yon jou li fè rele pwofèt Natan, li di l' konsa: -Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Seyè a se anba yon kay twal li ye.
1 Chronicles 22:2David bay lòd pou tout moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi Izrayèl la reyini. Li moute chantye kote pou taye wòch pou bati Tanp Bondye a.