1 Chronicles 29:24
Tout chèf yo, tout sòlda yo ansanm ak tout lòt pitit David yo te rekonèt Salomon pou sèl chèf yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 24:2Abraram te gen yon domestik ki te pi ansyen pase tout lòt yo. Se li menm ki te jeran reskonsab tout byen li yo. Abraram di l' konsa: -Men, mete men ou nan fant janm mwen, fè sèman.
1 Kings 1:50Adonija menm bò pa l' te sitèlman pè pou Salomon pa touye l', li leve, li kouri ale nan Tant Randevou a, li kenbe kòn lotèl la.
1 Chronicles 2:3Jida te gen senk pitit gason antou. Chwa, moun peyi Kanaran, te fè twa pitit pou li. Se te Er, Onan ak Chela. Er, pi gran pitit gason Jida a, te sitèlman fè sa ki mal, Seyè a touye l'.
1 Chronicles 28:21Gwoup prèt yo ak gwoup moun Levi yo deja resevwa travay pou yo fè nan Tanp lan. Pou tout lòt travay yo, ou gen avè ou ouvriye ki vle ede ou, lèfini ki gen ladrès nan tout kalite djòb. Chèf yo ak tout pèp la ap tann lòd ou pou tout bagay fèt.
Ezekiel 17:18Wa peyi Izrayèl la pa respekte pawòl li, li kase kontra a. Malgre angajman li te pran yo, li fè tout bagay sa yo. Sa p'ap pase konsa pou li.