1 Chronicles 28:21
Gwoup prèt yo ak gwoup moun Levi yo deja resevwa travay pou yo fè nan Tanp lan. Pou tout lòt travay yo, ou gen avè ou ouvriye ki vle ede ou, lèfini ki gen ladrès nan tout kalite djòb. Chèf yo ak tout pèp la ap tann lòd ou pou tout bagay fèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 31:3Mwen mete lespri m' sou li an kantite pou l' ka gen ladrès, bon konprann ak konesans pou l' fè tout kalite travay atizan yo konn fè,
Exodus 36:1Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout moun ki gen konprann, tout moun Seyè a te bay ladrès ak konesans pou yo ka fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a, se pou yo fè tout bagay jan Seyè a te bay lòd la.
1 Chronicles 22:17Apre sa, David mande tout chèf pèp Izrayèl yo pou yo ede Salomon, pitit gason l' lan.
1 Chronicles 24:24Te gen tou Miche, pitit gason Ouzyèl, Chami, pitit gason Miche.
1 Chronicles 26:26Se Chelomit sa a ansanm ak fanmi l' yo ki te reskonsab depo tout bagay wa David, chèf fanmi yo, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo ak tout lòt gwo chèf nan lame a te mete apa pou Seyè a.
Psalms 110:3Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a.