1 Chronicles 9:18
Jouk jounen jòdi a se yo k'ap fè pòs nan Pòtay Wa ki bay sou bò solèy leve a, kote pou wa a pase a. Nan tan lontan, se yo menm ki te konn fè pòs nan Pòtay Kay moun Levi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 10:5Li wè kalite manje yo te sèvi sou tab li ak kay li te fè bati pou chèf li yo, jan li te òganize moun k'ap travay nan palè a, rad inifòm yo te genyen, domestik ki t'ap sèvi l' bweson, ak bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a nan Tanp lan. Lè li wè tou sa, li pèdi lapawòl tèlman li te sezi.
2 Kings 16:18Lèfini, pou l' te fè wa peyi Lasiri a plezi, li wete platfòm yo te bati anndan Tanp lan pou jou repo a. Li fè fèmen pòt deyò a kote wa a te konn pase pou antre nan Tanp lan.
Ezekiel 44:2Seyè a di m' konsa: -Pòtay sa a fèt pou toujou ret fèmen. Piga yo janm louvri l'. Pa janm kite pesonn pase la. Paske se la mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen te pase. Se pou l' toujou ret fèmen.
Acts 3:11Nonm lan pa t' kite Pyè ak Jan yon pa. Tout moun te sezi, yo kouri vin jwenn apòt yo sou Galeri Salomon an.