1 Corinthians 1:26
Koulye a, frè m' yo, chonje ki kalite moun nou te ye lè Bondye te rele nou. Pa gen anpil nan nou ki gen bon konprann dapre sa lèzòm rele bon konprann, pa gen anpil grannèg, ni anpil moun gran fanmi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 5:4Lè Naaman tande sa, l' al jwenn wa a, li di l' sa tifi a te di.
Matthew 11:25Lè sa a, Jezi di: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo.
Luke 10:21Lè sa a, Sentespri a te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre ou pran bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.
John 4:46Apre sa, Jezi tounen vin Kana nan Galile, kote li te fè dlo tounen diven an. Nan lavil la te gen yon gwo fonksyonè leta ki te gen yon pitit gason l' ki te malad nan yon lòt lavil yo rele Kapènawòm.
John 19:38Apre sa, Jozèf, moun lavil Arimate a, al mande Pilat pèmisyon pou li te pran kò Jezi. (Jozèf sa a te yon disip Jezi, men an kachèt, paske li te pè jwif yo.) Pilat ba l' pèmisyon an. Se konsa, Jozèf vini, li pran kò Jezi, li pote l' ale.
Acts 13:12Lè gouvènè a wè sak te rive a, li kwè. Sa te frape l' anpil lè l' tande tou sa yo t'ap moutre li sou Seyè a.