1 Corinthians 10:11
Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi lòt yo egzanp. Yo ekri yo nan Liv la pou sa sèvi nou avètisman. Paske, pou nou menm k'ap viv koulye a, pa rete lontan ankò anvan pou lafen an rive.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Pa bougonnen tankou kèk ladan yo te bougonnen. Lè sa a, zanj lanmò a te touye yo tout.
12Se sak fè, moun ki kwè li byen kanpe a, pito li veye kò l' pou l' pa tonbe.
Cross References
Genesis 19:35Se konsa, lè aswè rive, yo fè papa a bwè diven ankò jouk li sou. Epi pi piti a kouche avè l'. Men, fwa sa a ankò, Lòt pa t' konnen anyen.
Romans 13:11Se sa menm pou nou fè, paske nou konnen ki jan tan an ye deyò a. Li lè pou nou leve soti nan dòmi, lè a sonnen, paske koulye a, lè pou n' fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fèk mete konfyans lan.
1 Corinthians 7:29Frè m' yo, men sa m' vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Depi koulye a, se pou moun marye yo viv tankou si yo pa t' marye.
Philippians 4:5Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Seyè a ap vini anvan lontan.
Hebrews 10:37Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Nan yon ti tan ankò, pa gen pou lontan menm, Moun ki gen pou vini an ap vini. Li p'ap pran reta ankò.