Romans 13:11
Se sa menm pou nou fè, paske nou konnen ki jan tan an ye deyò a. Li lè pou nou leve soti nan dòmi, lè a sonnen, paske koulye a, lè pou n' fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fèk mete konfyans lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 21:11Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Edon yo: -Yon moun rete peyi Seyi, l'ap rele m'. Li di m': Ey, gad! Kilè li ye? Konbe tan ankò pou nwit lan bout? Konbe tan ankò anvan solèy leve?
Matthew 16:3Nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase nan syèl la. Poukisa, atò, nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou latè koulye a?
Matthew 25:5Pandan yo t'ap tann msye marye a ki te an reta, yo tout pran kabicha, dòmi vòlò yo.
Mark 13:35Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki lè mèt kay la va vini. Se ka aswè, nan mitan lannwit, lè kòk chante, osinon nan maten.
1 Corinthians 7:29Frè m' yo, men sa m' vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Depi koulye a, se pou moun marye yo viv tankou si yo pa t' marye.
1 Corinthians 15:34Reprann bon sans nou. Sispann fè peche. M'ap di nou sa pou m' fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm.