1 Corinthians 14:31
Nou tout kapab bay mesaj ki soti nan Bondye, yonn apre lòt. Konsa, tout moun va aprann kichòy, tout moun va ankouraje.
Bib La
In The King James Version
For ye may all prophesy one by one, that all may learn, and all may be comforted.
In Context
32Moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se yo menm ki pou kontwole don yo genyen an.
Cross References
Proverbs 1:5Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen,
Romans 1:12Mwen vle di pito, pou m' ta la nan mitan nou, pou yonn kapab ankouraje lòt ak konfyans nou gen ansanm nan menm Bondye a.
1 Corinthians 14:19Men, nan mitan legliz la, mwen pito di senk ti mo tout moun ka konprann pou lòt yo ka grandi nan konfyans yo tou pase pou m' di yon pakèt mo nan langaj.
2 Corinthians 1:4Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.
Ephesians 4:11Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bon nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè.
1 Thessalonians 4:18Se pou nou yonn ankouraje lòt ak pawòl sa yo.