1 Corinthians 15:1
Frè m' yo, mwen vle fè nou chonje bon nouvèl mwen te anonse nou an, bon nouvèl nou te resevwa a. Se ladan l' tou nou kanpe byen fèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
John 12:48Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l' lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l' lè dènye jou a va rive.
Acts 11:1Apòt yo ansanm ak frè yo ki te nan Jide te tande ki jan moun ki pa jwif yo te resevwa pawòl Bondye a tou.
Romans 2:16Dapre bon nouvèl m'ap anonse a, se sa menm ki gen pou rive lè Bondye va voye Jezikri pou jije tou sa lèzòm t'ap fè an kachèt.
1 Corinthians 1:4Se tout tan m'ap di Bondye mèsi pou sa l' fè pou nou menm, frè lavil Korent yo, pou favè li te fè nou jwenn nan Jezikri.
1 Corinthians 2:2Mwen te mete nan tèt mwen pou m' te bliye tout bagay sa yo. Yon sèl bagay mwen te konnen tout tan mwen te la ansanm ak nou an, se Jezikri, epi sèlman Jezikri yo te kloure sou kwa a.
1 Corinthians 15:3Bagay mwen te moutre nou, se sa mwen menm mwen te resevwa. Se yo menm ki pi konsekan. Men yo: Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la.