Akdèzapot 11:1
Apòt yo ansanm ak frè yo ki te nan Jide te tande ki jan moun ki pa jwif yo te resevwa pawòl Bondye a tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Lè Pyè tounen moute Jerizalèm, jwif ki te kwè yo tanmen kritike li.
Cross References
Genesis 49:10Yo p'ap ka wete kòmandman an nan men Jida. Non. Baton kòmandman an p'ap soti nan mitan janm li, jouk tan moun tout pèp sou latè pral obeyi a va vini.
Psalms 96:1Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a!
Isaiah 32:15Men, Bondye gen pou l' voye lespri li desann sou nou ankò. Dezè a va tounen yon bon venn tè. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.
Isaiah 42:1Seyè a di: -Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m' plezi anpil la! Mwen mete lespri m' sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis.
Isaiah 49:6Seyè a di m' konsa: Wi, sèvitè m' lan va fè fanmi Jakòb la kanpe ankò. L'a fè ti rès pèp Izrayèl yo te depòte a tounen lakay yo. Men, se poko sa toujou. M'ap fè li sèvi tankou yon limyè pou lòt nasyon yo, pou dènye moun sou latè ka konnen ki jan mwen menm mwen delivre!
Isaiah 60:3Nasyon yo pral kouri vin nan limyè nou an. Tout wa yo pral kouri vin nan klète jou k'ap leve pou nou an.