1 Corinthians 15:50
Men sa mwen vle di, frè m' yo: Tou sa ki fèt ak vyann epi ak san pa gen plas pou yo nan Peyi kote Bondye wa a. Sa ki fèt pou pouri a pa ka resevwa pouvwa pou l' pa janm pouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 16:17Lè sa a, Jezi di li: Ou wè ou menm, Simon, pitit Jan an, ou se yon nonm Bondye beni. Paske, se pa moun ki fè ou konn verite sa a. Men, se Papa m' ki nan syèl la ki fè sa pou ou.
1 Corinthians 1:12Men sa m' vle di: Chak moun ap di yon bagay diferan. Sa a di: mwen se moun Pòl. Yon lòt di: mwen se moun Apolòs. Yon lòt ankò di: mwen se moun Pyè. Yon lòt ankò: mwen se moun Kris la.
1 Corinthians 7:29Frè m' yo, men sa m' vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Depi koulye a, se pou moun marye yo viv tankou si yo pa t' marye.
2 Corinthians 9:6Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil.
Galatians 5:16Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a.
Colossians 2:4Mwen di nou sa pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak yon bann pawòl ki sanble verite.