Colossians 2:4
Mwen di nou sa pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak yon bann pawòl ki sanble verite.
Bib La
In The King James Version
And this I say, lest any man should beguile you with enticing words.
In Context
3Se nan li tout richès ki nan bon konprann ak konesans Bondye a kache.
Cross References
Matthew 24:24Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.
Acts 20:30Gen moun k'ap soti nan mitan nou menm menm, k'ap kanpe pou bay manti, pou chache rale kèk disip dèyè yo.
1 Corinthians 2:4Lè m' te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m' te anonse nou nouvèl la, se pa t' avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè.
2 Corinthians 11:11Poukisa? Eske se paske mwen pa renmen nou? Se Bondye ki konnen jan mwen renmen nou.
Ephesians 4:14Lè sa a, nou p'ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k'ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti.
Colossians 2:8Fè atansyon pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak bèl diskou filozòf yo, ak diskisyon ki pa vo anyen. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm, nan jan yo konprann bagay ki nan lemonn. Yo pa soti nan Kris la.