1 Corinthians 2:13
Si n'ap pale sou tout favè Bondye fè nou, se pa avèk pawòl nou jwenn nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou. Se konsa, nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki soti nan Lespri a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Acts 2:4Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale.
1 Corinthians 2:1Frè m' yo, lè mwen te al lakay nou, se pa t' avèk gwo diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a.
1 Corinthians 2:14Yon moun ki pa gen Lespri Bondye a nan kè l' pa ka asepte verite ki soti nan Lespri Bondye a. Pou li, se pawòl moun fou yo ye. Li pa kapab konprann yo, paske se Lespri Bondye a ki pou ede l' egzaminen yo.
1 Corinthians 10:3Yo tout te manje menm manje Lespri Bondye te ba yo a.
1 Corinthians 14:2Moun k'ap pale langaj, se ak Bondye y'ap pale. Yo p'ap pale ak moun. Pesonn pa ka konprann yo. Avèk pouvwa Sentespri a, yo di yon bann verite ki rete kache pou tout moun.
Colossians 3:16Kenbe pawòl Kris la ak tout richès li yo byen fèm nan kè nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou nou yonn bay lòt konsèy avèk anpil bon konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante Lespri Bondye a va moutre nou, pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.