1 Corinthians 9:18
Ki jan yo peye m' atò? Tout plezi m' se pou m' anonse bon nouvèl la gratis, san m' pa egzije anyen nan sa yo dwe m' pou travay m'ap fè a lè m'ap anonse bon nouvèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Romans 14:15Si ou fè frè ou lapenn pou tèt yon manje ou manje, ou pa gen renmen nan kè ou pou frè ou. Piga ou kite manje w'ap manje a lakòz yon frè pèdi sou kont ou, paske li menm Kris la te mouri pou l' te ka sove l' tou.
1 Corinthians 8:9Men, fè atansyon pou jan nou santi nou lib fè sa nou vle a sa pa fè yon lòt frè ki fèb nan konfyans li tonbe nan peche.
1 Corinthians 10:33Se pou nou fè tankou m': nan tou sa m'ap fè, m'ap fè mwayen posib pou m' fè tout moun plezi; mwen p'ap chache avantaj pa m', men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove.
2 Corinthians 11:7Lè m' te anonse nou bon nouvèl Bondye a, mwen te fè sa gratis pou nou, mwen te desann tèt mwen pou m' te ka fè nou kanpe. Eske mwen te gen tò lè m' te fè sa?
1 Thessalonians 2:6Mwen pa chache lwanj nan men pesonn, ni nan men nou, ni nan men lòt moun.