1 John 1:9
Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l'ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n'ap twonpe. Verite a pa nan nou.
10Men, si nou di nou pa t' fè peche, nou fè Bondye pase pou mantò: Pawòl li pa nan kè nou.
Cross References
Deuteronomy 7:9Se pou nou rekonèt Seyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l', moun ki fè tou sa l' mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon.
2 Chronicles 6:37antan yo la nan peyi kote lènmi yo te depòte yo a, si yo règrèt sa yo te fè, si yo lapriyè nan pye ou, si yo rekonèt yo te fè sa ki mal, si yo rekonèt yo te peche, si yo rekonèt yo antò,
Nehemiah 9:2Tout moun pèp Izrayèl yo mete kò yo ansanm. Yo pa kite ankenn moun lòt nasyon mele ak yo. Epi se konsa yo kanpe, yo konmanse di tou sa yo menm yo fè ki mal ansanm ak tout peche zansèt yo te fè.
Psalms 19:12(019:13) Ki moun ki konnen tou sa li fè ki mal? Tanpri, Seyè, delivre m' anba sa mwen fè ki mal san m' pa konnen!
Psalms 51:2(051:4) Lave m', foubi m' pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m' pou efase peche m' lan.
Isaiah 45:21Vin plede kòz nou! Mete tèt nou ansanm pou nou konnen sa nou pral di! Kilès moun ki te di davans sa ki gen pou rive a? Kilès ki te fè konnen sa depi lontan? Se pa t' mwen menm, Seyè a? Nanpwen lòt bondye pase mwen menm. Mwen se Bondye ki pa nan patipri. Se mwen ki ka delivre moun.