1 John 2:7
Mezanmi, se pa yon kòmandman tou nèf m'ap ban nou nan lèt sa a. Se menm ansyen kòmandman yo te ban nou depi nan konmansman an. Ansyen kòmandman sa a, se menm pawòl nou te tande deja a.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Lè yon moun di li fè yonn ak Bondye, se pou l' viv tankou Jezi te viv la.
Cross References
Leviticus 19:18Piga nou tire revanj sou pesonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Seyè a!
Deuteronomy 6:5Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouraj nou.
Matthew 22:37Jezi reponn li: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye, ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou.
Acts 17:19Lè sa a, yo pran l', yo mennen l' nan Aewopaj la. Epi yo di li: Nou ta renmen konnen tout bagay nèf sa yo w'ap montre moun yo la a.
Galatians 5:13Kanta nou menm, frè m' yo, Bondye te rele nou pou n' te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.
1 John 2:24Se poutèt sa, pawòl nou te tande depi nan konmansman an, kenbe li nan kè nou. Si nou kenbe sa nou te tande depi nan konmansman an nan kè nou, n'ap toujou fè yonn ak Papa a ansanm ak Pitit la.