Galatians 5:13
Kanta nou menm, frè m' yo, Bondye te rele nou pou n' te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Kanta moun k'ap boulvèse nou konsa sou keksyon sikonsizyon an, yo ta mèt tou fè chatre yo fin ak sa.
Cross References
Isaiah 61:1Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Luke 4:18Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl la bay pòv yo. Li voye m' pou m' fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m' fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m' delivre moun y'ap maltrete yo,
John 13:14Si mwen menm ki Seyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt.
Romans 6:18Nou delivre anba peche. Koulye a se esklav sa ki byen nou ye.
1 Corinthians 8:9Men, fè atansyon pou jan nou santi nou lib fè sa nou vle a sa pa fè yon lòt frè ki fèb nan konfyans li tonbe nan peche.
1 Corinthians 13:4Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans, li gen bon kè, li p'ap anvye sò lòt moun. Li p'ap fè grandizè, li p'ap gonfle ak lògèy.