1 John 3:10
Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Paske, men mesaj nou te tande depi nan konmansman an: se pou nou yonn renmen lòt.
Cross References
Luke 6:35Non, nou menm se pou nou renmen lènmi nou yo, fè byen pou yo. Prete san nou pa mete espwa nou sou renmèt. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la, paske li menm, li bon ni pou engra ni pou mechan.
John 8:47Tout moun ki moun Bondye, yo koute pawòl Bondye. Men nou menm, nou pa moun Bondye. Se sak fè nou pa vle koute.
Romans 8:16Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye.
1 John 2:9Moun ki di yo nan limyè epi pou anmenmtan yo rayi frè yo, moun konsa nan fènwa toujou.
1 John 3:7Pitit mwen yo, pa kite pesonn twonpe nou. Moun ki fè sa ki dwat, se li ki dwat devan Bondye, menm jan ak Kris la ki dwat.
1 John 4:3Men, si yon moun refize rekonèt Jezi te yon moun tout bon, moun sa a pa gen lespri ki soti nan Bondye a. Lespri li genyen an soti nan moun k'ap goumen ak Kris la. Yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la te gen pou l' te vini. Enben, koulye a li deja nan lemonn.