1 John 3:9
Si yon moun se pitit Bondye li ye, li p'ap kontinye fè peche, paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa l', li pa kapab ap fè peche toujou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 11:37Si kadav yonn nan bèt sa yo tonbe sou grenn nou pral plante, grenn yo bon toujou pou plante.
Matthew 7:18Yon bon pyebwa pa ka bay move donn. Nitou yon move pyebwa pa ka bay bon donn.
John 3:3Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa.
Romans 6:2Non. Sa pa ka fèt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Ki jan pou n' ta ka kontinye ap viv toujou nan peche?
Titus 1:2pou yo ka gen espwa resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa janm manti, li te pwòmèt lavi sa a depi lontan anvan li te kreye tout bagay.
1 John 2:29Nou konnen Kris la se yon moun ki te mache dwat devan Bondye. Se pou nou konnen tou, tout moun ki fè sa ki dwat devan Bondye se pitit Bondye yo ye.