1 John 5:19
Nou konnen nou se moun Bondye. Men, tou sa ki sou latè anba pouvwa Satan.
Bib La
In The King James Version
And we know that we are of God, and the whole world lieth in wickedness.
In Context
Cross References
John 12:31Koulye a, lè a rive pou yo jije moun ki sou tè sa a. Koulye a, yo pral mete chèf k'ap dominen lemonn lan deyò.
John 15:18Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m' anvan yo te rayi nou.
Romans 1:28Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pa t' dwe fè.
Romans 8:16Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye.
2 Corinthians 4:4Yo pa kwè paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan bouche lespri yo. Li enpoze yo wè limyè bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a ki fè nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki pòtre Bondye.
Galatians 1:4Dapre volonte Bondye, Papa nou, Kris la te bay tèt li pou peche nou yo, pou l' te ka delivre nou anba move tan mechan ki sou latè koulye a.