1 Kings 1:29
Lè sa a, wa a fè sèman, li di konsa: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an, li menm ki te delivre m' anba tout tray mwen yo.
Bib La
In The King James Version
And the king sware, and said, As the LORD liveth, that hath redeemed my soul out of all distress,
In Context
28Wa David reponn, li di: -Rele Batcheba pou mwen, tanpri! Batcheba antre ankò, li kanpe devan wa a.
Cross References
Judges 8:19Li di yo: -Se frè m' yo te ye, pitit menm manman avè m'. Mwen fè sèman, devan Bondye ki vivan an, si nou pa t' touye yo, mwen pa ta touye nou tou!
1 Samuel 14:45Men pèp la di Sayil konsa: -Se Jonatan ki te genyen bèl batay sa a pou pèp Izrayèl la, li pa ka mouri. Mande Bondye padon! Nou fè sèman devan Seyè ki vivan an, nou p'ap kite yon grenn cheve nan tèt li tonbe, paske se avèk lasistans Bondye li fè sa l' fè jòdi a. Se konsa moun yo enpoze yo touye Jonatan. Li pa mouri.
1 Samuel 20:21Lèfini, m'a rele domestik mwen an, m'a voye l' al chache flèch yo pote ban mwen. Si ou tande mwen di l': Gade, flèch yo tonbe bò isit anvan yo gen tan rive kote ou ye a, al pran yo pou mwen, sa vle di ou pa bezwen pè anyen, ou mèt vini. Mwen fè sèman nan non Seyè a, anyen p'ap rive ou.
2 Samuel 12:5David fache anpil sou nonm rich la. Li di Natan konsa: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an! Nonm ki fè bagay sa a merite pou yo touye l'.
1 Kings 17:1Yon pwofèt yo te rele Eli, moun lavil Tichbe nan zòn Galarad, di wa Akab konsa: -Nan non Seyè m'ap sèvi a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, men sa m'ap di ou: Pandan lanne k'ap vini yo, p'ap gen lawouze, p'ap gen lapli si se pa mwen ki mande sa.
2 Kings 4:30Men manman ti gason an di Elize konsa: —Mwen pran Seyè vivan an ansanm ak ou tou pou temwen. Mwen pa pral san ou! Lè sa a Elize leve, li pati avè l'.