1 Kings 11:22
Farawon an mande l': -Poukisa? Eske ou janm manke anyen isit lakay mwen kifè ou vle tounen lakay ou? Adad reponn li: -Mwen gen tou sa m' bezwen. Men se pou ou kite m' ale. Se konsa Adad tounen nan peyi l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 18:22Akimaz menm t'ap kenbe se pou l' ale, li di: -Nenpòt sa ki rive m', kite m' ale pote nouvèl la tou dèyè moun Letiopi a. Joab mande l': -Poukisa ou vle fè sa, pitit mwen? Yo p'ap ba ou anyen pou yon nouvèl konsa.
Proverbs 27:8Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwezo ki byen lwen nich li.
Mark 14:31Men, Pyè te kenbe la, li t'ap di: -Menm si m' ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di sa. Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou.