Mak 14:31
Men, Pyè te kenbe la, li t'ap di: -Menm si m' ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di sa. Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:8Tout pèp la reponn ansanm, yo di: -N'a fè tou sa Seyè a di nou fè. Apre sa, Moyiz al rapòte bay Seyè a repons pèp la.
1 Kings 11:22Farawon an mande l': -Poukisa? Eske ou janm manke anyen isit lakay mwen kifè ou vle tounen lakay ou? Adad reponn li: -Mwen gen tou sa m' bezwen. Men se pou ou kite m' ale. Se konsa Adad tounen nan peyi l'.
Job 40:4-Mwen pa t' konn sa m' t'ap di. Kisa pou m' reponn ou? Se fèmen pou m' fèmen bouch mwen.
Proverbs 16:18Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri.
Proverbs 29:23Awogans fè moun pèdi pye. Men, y'ap respekte moun ki soumèt devan Bondye.
Jeremiah 17:9Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm?