1 Kings 11:36
M'ap kite yon sèl branch fanmi pou pitit li a. Konsa, David, sèvitè m' lan, va toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm, lavil mwen te chwazi pou m' rete a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 7:29Tanpri, beni tout fanmi mwen apre mwen pou yo ka toujou anba pwoteksyon ou. Wi, Seyè sèl Mèt, ou te pwomèt mwen sa. Se pou ou toujou voye benediksyon ou sou fanmi mwen.
1 Kings 2:4Si ou fè sa, Seyè a va kenbe pwomès li te fè a lè l' te di m' si pitit mwen yo mennen bak yo byen, si yo mache dwat devan li ak tout kè yo, ak tout nanm yo, ap toujou gen yonn nan yo pou gouvènen pèp Izrayèl la apre mwen.
1 Kings 9:3Seyè a di l' konsa: -Mwen tande lapriyè ou la. Mwen mete tanp ou bati a apa pou sèvis mwen. Se la pou moun adore m' tout tan. M'ap voye je sou li, m'ap toujou pwoteje l'.
1 Kings 11:32Salomon pral rete ak yon sèl branch fanmi. M'ap fè sa pou li poutèt David, sèvitè m' lan, poutèt lavil Jerizalèm mwen te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou rele m' pa m' lan.
2 Kings 8:19Men, Seyè a pa t' vle detwi peyi Jida a, paske li te pwomèt David, sèvitè l' la, t'ap toujou gen yon moun nan ras li pou gouvènen peyi a devan Seyè a.
2 Chronicles 21:7Men Seyè a pa t' vle detwi fanmi David la, paske li te pase kontra ak David. Li te pwomèt David li t'ap toujou gen yon moun nan ras li pou gouvènen peyi a devan Seyè a.