1 Kings 14:11
Chen pral manje kadav moun nan fanmi ou ki va mouri nan lavil. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò. Se Seyè a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 13:34Se konsa, tout fanmi Jewoboram lan lage kò yo nan fè sa ki mal. Se poutèt sa, tout fanmi sa a fini, li disparèt nèt sou latè.
1 Kings 16:3Se konsa mwen pral disparèt Bacha ansanm ak tout fanmi li, tankou m' te fè fanmi Jewoboram lan.
1 Kings 21:19W'a di li men mesaj Seyè a voye ba li: Ou fin touye Nabòt, koulye a ou soti pou pran jaden rezen l' lan! Apre sa, w'a di l' ankò men sa Seyè a voye di ou: Menm kote chen te niche san Nabòt la, chen gen pou yo niche san pa ou tou.
1 Kings 21:24Chen pral manje kadav tout moun nan fanmi Akab ki va mouri anndan lavil la. Malfini karanklou va manje kadav tout moun nan fanmi an ki va mouri andeyò limit lavil la.
Isaiah 66:24Lè y'ap kite lavil la, y'a wè kadav moun ki te vire do ban mwen yo. Vè k'ap manje yo p'ap janm mouri, dife k'ap boule yo a p'ap janm tenyen. Tout moun sou latè pral gen kè plen lè y'a wè sa!
Ezekiel 39:17Seyè sèl Mèt la di ankò: -Nonm o! Rele tout kalite zwezo ak tout kalite bèt nan bwa. Fè yo soti toupatou nan vwazinaj la pou yo sanble vin manje bèt mwen pare pou m' touye pou yo a. Pral gen yon gwo fèt sou mòn Izrayèl yo, kote yo pral manje vyann, kote yo pral bwè san.