1 Kings 21:19
W'a di li men mesaj Seyè a voye ba li: Ou fin touye Nabòt, koulye a ou soti pou pran jaden rezen l' lan! Apre sa, w'a di l' ankò men sa Seyè a voye di ou: Menm kote chen te niche san Nabòt la, chen gen pou yo niche san pa ou tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 3:11Seyè a, Bondye a, di l'. Ki moun ki di ou te toutouni? Eske ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa manje a?
Judges 1:7Lè sa a, Adonibezèk di: -Mwen te koupe dwèt gwopous ak gwo tèt zòtèy pye swasanndis wa. Yo te konn ranmase kras manje ki tonbe anba tab mwen. Jòdi a, Bondye fè m' sa m' te fè yo a. Yo mennen msye lavil Jerizalèm. Se la li mouri.
2 Samuel 12:11Men sa mwen menm Seyè a, mwen di: M'ap fè yon moun nan fanmi ou menm soti pou ba ou traka. M'ap wete madanm ou yo nan men ou, m'ap bay yon moun nan fanmi ou yo. L'a kouche avèk yo devan tout moun.
2 Kings 6:32Wa a voye yon mesaje al chache Elize. Lè sa a, Elize te chita lakay li ak kèk chèf fanmi ki t'ap vizite l'. Men, anvan mesaje wa a gen tan rive, Elize di chèf fanmi yo: —Gade, Ansasen an voye yon moun pou touye m'. Men sa n'ap fè. Lè mesaje wa a va rive, fèmen pòt la sou li. Pa kite l' antre. Wa a pye pou pye dèyè l'.
2 Kings 10:7Lè yo resevwa lèt Jeou a, yo touye swasanndis pitit Akab yo, yo mete tèt yo nan panyen, yo voye yo bay Jeou lavil Jizreyèl.
Esther 7:10Se konsa yo pann Aman nan poto li te pare pou Madoche a. Apre sa, kòlè wa a tonbe.