1 Kings 15:18
Lè wa Asa wè sa, li pran tout rès bagay an lò ak bagay an ajan ki te rete nan tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo nan men kèk moun pa l', li voye yo lavil Damas bò kote Bennadad, wa peyi Siri, pitit gason Tabrimon, pitit pitit Ezyon, ak mesaj sa a:
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 15:2Abram di. Seyè, Bondye, kisa ou vle ban mwen? Mwen tout fin mouri, mwen pa gen pitit. Sèl moun lakay mwen ki pral eritye m', se Elyezè, moun peyi Damas la.
1 Kings 11:24Rezon sanble yon bann gason avè l'. Se konsa li vin chèf yon bann bandi. Lè sa a, David te bat Adadezè, li touye tout moun peyi Siri ki t'ap mache avèk Adadezè. Se konsa Rezon desann lavil Damas. Li vin chèf lavil Damas.
1 Kings 15:15Li mete nan Tanp lan tou sa papa l' te bay pou sèvis Bondye ansanm ak tout bagay an lò ak an ajan limenm li te bay pou Bondye.
1 Kings 20:33Moun Bennadad yo pran sa pou yon bon siy, yo repete pawòl ki te fèk sot nan bouch wa a, yo di l' konsa: -Bennadad, se frè monwa! Akab reponn: -Al chache l' mennen ban mwen! Bennadad soti kote l' te ye a, li parèt devan Akab, Akab fè l' moute sou cha pa l' ansanm avè l'.
2 Kings 12:18Joas, wa peyi Jida a, pran tout bagay zansèt li yo, depi Jozafa ak Joram rive sou Okozyas ki te ansyen wa peyi Jida yo, te ofri bay Seyè a ansanm ak tout bagay li menm li te ofri bay Seyè a epi ki te nan Tanp lan, li pran tout lò li jwenn nan trezò Tanp lan ak tout lò ki te nan palè a, li voye yo fè Azayèl, wa peyi Siri a, kado. Azayèl chanje lide, li pa moute atake lavil Jerizalèm ankò.
2 Kings 18:15Ezekyas ba li tout ajan ki te nan Tanp Seyè a ak nan trezò palè a.