1 Kings 11:24
Rezon sanble yon bann gason avè l'. Se konsa li vin chèf yon bann bandi. Lè sa a, David te bat Adadezè, li touye tout moun peyi Siri ki t'ap mache avèk Adadezè. Se konsa Rezon desann lavil Damas. Li vin chèf lavil Damas.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 14:15La, yon jou lannwit, li separe mesye li yo, li fè yo fè de gwoup, epi li atake lènmi yo. Li bat yo byen bat, li kouri dèyè yo jouk yo rive Oba, ki sou bò nò lavil Damas.
2 Samuel 10:6Moun Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo voye chache venmil (020.000) sòlda lavil Bètreyòb ak lavil Zoba nan peyi Aram lan, ak douzmil (012.000) gason lavil Tòb. Yo voye chache wa lavil Maka a tou ansanm ak mil (01.000) sòlda. Yo peye yo pou yo vin goumen pou yo.
2 Samuel 10:18Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sètsan (0700) sòlda ki te sou cha lagè, katòzmil (014.000) sòlda ki te sou chwal. Yo blese Chobak, chèf lame lènmi yo, ki mouri la menm kote yo t'ap goumen an.
1 Kings 19:15Seyè a di li: -Ale non! Pran menm wout ou te pase nan dezè a pou vini isit la, tounen lavil Damas. W'a antre lavil Damas, w'a pran Azayèl, w'a mete l' wa peyi Siri nan non mwen.
Acts 9:2Li mande l' lèt otorizasyon pou tout sinagòg ki nan lavil Damas. Konsa, tout moun li ta jwenn k'ap swiv chemen Bondye a, fanm kou gason, li te ka arete yo, mare yo mennen Jerizalèm.