1 Kings 15:29
Rive li rive wa, li touye dènye moun nan fanmi Jewoboram lan. Konsa, dapre pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Akija, moun lavil Silo, sèvitè Bondye a, li touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan, li pa kite yonn chape.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 14:9Ou fè pi mal pase sa ki te chèf anvan ou yo. Ou sèvi lòt bondye, ou fè estati an kwiv pou yo, ou voye m' jete, ou fè m' fache.
1 Kings 14:11Chen pral manje kadav moun nan fanmi ou ki va mouri nan lavil. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò. Se Seyè a menm ki di sa.
1 Kings 16:7Seyè a te bay pwofèt Jeou, pitit gason Anani an, mesaj sa a pou Bacha ak fanmi li poutèt peche Bacha te fè kont Seyè a. Li te fè Seyè a fache sou li non sèlman paske li te fè sa ki mal tankou moun fanmi Jewoboram yo, men tou paske li te touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan.
1 Kings 21:22Sa ki te rive fanmi wa Jewoboam, pitit Nebat la, ak fanmi wa Bacha, pitit Akija a, se sa ki pral rive fanmi pa ou la tou. Se mwen menm k'ap fè sa paske ou fè m' fache anpil, lèfini se ou ki lakòz pèp Izrayèl la ap fè sa ki mal.
2 Kings 9:9Menm sa m' te fè fanmi Jewoboram, pitit Nebat, wa peyi Izrayèl la, menm sa m' te fè fanmi Bacha, pitit Akija, wa peyi Izrayèl la tou, se sa m'ap fè fanmi pa l' la tou.
2 Kings 10:10Sa vle di Seyè a pa nan pale mete la. Tou sa li te di sou fanmi Akab la te fèt pou rive vre. Se Seyè a menm ki fè tou sa rive jan li te di sa nan bouch Eli, sèvitè l' la.